Willy Fleurissaint Raymond, Dirijan MPH Desdunes
Willy Fleurissaint Raymond, Dirijan MPH Desdunes se yon patriyòt ayisyen ki konsakre yon gwo pati nan lavi li nan sèvis peyi li ak nan defans enterè kominote li, sitou komin Desdunes. Li se yon sitwayen ki mete aksyon, disiplin, lidèchip ak sans responsablite nan mitan prensip ki gide angajman li.
Willy Fleurissaint Raymond se teknisyen nan fòmalite dwanyè, yon domèn ki mande presizyon, disiplin ak bon konesans nan pwosedi administratif. Eksperyans pwofesyonèl li pèmèt li devlope yon apwòch pratik pou rezoud pwoblèm epi jwenn solisyon nan sitiyasyon ki konplèks.
Nan domèn sekirite ak sèvis piblik, li te sèvi kòm ansyen Sipèvizè nan Sèvis Entèlijans Nasyonal DAyiti, kote li te gen pou l demontre diskresyon, vijilans, sans analiz ak yon gwo responsabilite anvè peyi a.
Angajman li nan lavi politik ak kominotè pran plizyè fòm. Li te ansyen kandida pou pòs Depite pou sikonskripsyon Kwadèbouke ak Tomazo, epi li te kandida pou meri Desdunes. Eksperyans sa yo montre volonte li pou sèvi popilasyon an atravè enstitisyon piblik yo epi pote solisyon sou pwoblèm ki touche lavi sitwayen yo.
Li se aktyèl Konseye Politik Premye Minis la, yon eksperyans ki pèmèt li apwofondi konesans li sou fonksyònman Leta, gouvènans, politik piblik ak mekanis pou pran desizyon nan pi wo nivo administrasyon peyi a.
Jodi a, Willy Fleurissaint Raymond se Dirijan MPH Desdunes, kote li kontinye mete eksperyans li, enèji li ak vizyon li nan sèvis kominote a.
Willy se yon òm de vizyon, yon òganizatè kominotè, yon moun ki renmen chèche solisyon, epi yon lidè ki kwè pwogrè dwe soti nan travay, òganizasyon ak patisipasyon sitwayen yo. Li Karismatik, li gen kapasite pou rasanble moun
Li se yon òm pragmatic, ki gen konpasyon ak disiplin, Pou li, lidèchip pa sèlman vle di pale devan moun; li vle di koute, ak eseye konprann pwoblèm yo, epi chèche solisyon.
Pou Willy Fleurissaint Raymond, Desdunes se plis ke yon komin. Se yon komin li konsidere kòm yon pati enpòtan nan idantite li ak misyon li kòm sitwayen. Angajman li se pou wè Desdunes grandi, jwenn plis opòtinite, epi pou sitwayen li yo jwenn plis espwa pou lavni.
Avèk eksperyans li nan administrasyon, sekirite, politik ak òganizasyon kominotè, Willy Fleurissaint Raymond kontinye prezante tèt li kòm yon sèvitè piblik, yon patriyòt ak yon lidè ki kwè nan travay kolektif.
Vizyon li chita sou yon prensip senp: sèvi peyi a, sèvi kominote a, epi travay pou yon Ayiti ki pi byen òganize, ki pi solid e ki kapab rebati avni li.
Willy Fleurissaint Raymond Dirijan MPH Desdunes.
